Konfesyon Lyrics by Tibob de Nazareth

Konfesyon Lyrics

    Konfesyon

    Lyrics: Tibob
    Music: Tibob

    Hmm fò w remake gen kèk jou
    n anba doulè lanmou
    sa ki rive nou
    se kesyon w poze m chak jou
    mwen pa t janm gen kouray
    pou m ba ou detay
    jodi la mwen vle kase
    chenn ki fè m mare

    Refren 1
    Mwen fè ou mal
    bay lanmou kou fatal
    Mwen fè ou mal
    Twonpe w anba chal
    m pa twouve sa nòmal

    Refren 1

    Ou fè m konfyans m ba w soufrans
    ou renmen m san defans
    ou bay san jèfò
    pannan m ap fè w ditò
    mwen santi m pa kapab
    mwen jije m koupab
    men m ajenouye pou m konfese

    Refren 1

    Rèv nou pèdi vwal
    gade w penn kapital

    Refren1

    Refren 2
    Mwen vin devan w cheri
    pa pou m jwenn padon
    mwen fè m piti
    pou m di w mwen pa bon

    Lè w tande mwen pran lari
    m pòtre yon sanzabri
    patou m antre sòti
    ap machande plezi
    ou-menm ou chita la
    rete pèdi nan fènwa
    panse m pa vakabon
    poutan m pa bon

    Refren 2

    Cheri lè m di m renmen w
    m santi m trayi kè w
    lè mwen kenbe men w
    mwen pa onèt avè w
    tout sa w ban m fè m kontan
    mwen fè w plere souvan
    menm si m vle chanje
    se verite m pa merite w

    M pa merite w cheri m pa merite w
    se vre m renmen w anpil
    men vye defo m fè lanmou n pèdi fil
    M pa merite w doudou m pa merite w
    kou papiyon k sou flè
    mwen gaye nan lèzè
    M pa merite w cheri m pa merite w
    si m lakòz ou pati
    m ap krezi san mezi
    M pa merite w doudou m pa merite w

    Produced by: Tibob
    Keyboards: Tibob & T-Jean
    Bass: Youyou
    Guitars: Chichi & Youyou
    All Backgrounds: Tibob
    Drums: T-Jean
    Percussions: Loubert Vernot

    **** **** **** ****
    I’m no good

    You must have noticed in recent days
    the suffering of our love
    what happened?
    it’s a question you constantly asked me
    I never had the courage
    to sketch you the details
    today I wanna break
    the chains that held me up

    Chorus 1
    I hurt you (I hurt you)
    hit our love fatally (fatally)
    I hurt you
    cheating on you secretly
    that is not fair
    I hurt you
    I hurt you so
    everyday is a new blow
    cause total sorrow
    I hurt you

    You confide in me
    while I make you cry
    you love me with no defense
    you give with no effort
    while I keep on doing wrong
    I feel I can’t go on
    my conscience has judged me guilty
    I’m kneeling down to confess

    Chorus 1
    I hurt you (I hurt you)
    hit our love fatally (fatally)
    I hurt you
    our dream lost its path
    what a capital punishment!
    I hurt you
    cause total sorrow (total)
    I hurt you

    WhohoWhoh WhohoWhoh

    Ah Ah!

    Chorus 2
    I come before you, honey
    not begging for forgiveness
    I come instead like a child
    to tell you I’m no good

    When I hit the streets
    I act as if I had no soul
    I come and go everywhere
    in search for mundane pleasure
    you stayed home in the dark
    thinking I’m good to you
    while I’m but a dog

    Chorus 2

    When I say I love you
    I feel like I’m betraying you
    when I hold your hands
    I’m unfaithful to you
    you only make me happy
    while I make you cry
    I really wanna change
    but I still feel not worthy

    I’m not worthy, babie
    I’m not worthy
    It’s true I love you
    but my bad habits are killing that love
    I’m not worthy, darling
    I’m not worthy
    just like butterflies
    I’m lost in all skies
    I’m not worthy, babie
    I’m not worthy
    should I let you leave
    I’ll be crazily crazy
    I’m not worthy, darling
    I’m not worthy

    I know I’m no good
    but stay with me, please


SEARCH LYRICS