Kite l Ale Lyrics by Tibob de Nazareth

Kite l Ale Lyrics

    Kite l Ale

    Lyrics: Tibob
    Music: Tibob

    Yon dimanch senkè dimaten m ap antre
    m fatige m louvri pòt pou m repoze
    sanzatann gen yon vwa fè mwen vire
    Natacha de ran dlo k ape koule
    li di m "Tibob di mwen ki sa pou m fè
    mwen san ti m vle fini avèk lavi
    jan mwen fidèl poukisa m nan mizè
    pou m jwenn yon moun ki renmen m pou lavi
    m santi anndan m fremi
    misye di l pa pou li
    kòmsi pitit mwen ka gon lòt papa
    m pa janm konn lòt gason
    m pa t dwe nan diskisyon
    kòlè monte misye di l kite sa"

    Mwen pran men l fè l antre pou li chita
    retire tout vye lide nan tèt li
    eksplike l avèk mo ki bay lespwa
    bay kouray premye devwa yon zanmi
    mwen di l "Tasha, pa bay tèt ou pwoblèm
    bonte w a va trase yon wout pou ou
    pou jan ou bèl misye genlè pa tèm
    sispann kriye pou sa k pa p bon pou ou
    w pa bezwen fè movesan
    lavi a pi bèl devan
    yon ti bite pa dwe fè w chavire
    ranmase fòs ou machè
    ou sensè ou gen bonkè
    kite l ale Bondye va ranplase l

    Refren
    Kite l ale
    w ap toujou ka jwenn lanmou
    Kite l ale
    si w wèl ale pa t pou ou
    Kite l ale
    sispann kriye pa fè movesan
    Kite l ale
    yon move jou pa di movetan

    panse a demen
    lè bato w panche
    pran vi w a de men
    w a rive
    menm si pa t sa w te vle
    zanmi fò w espere
    si yon moun fè w pran w so
    pa di lavi ba w do

    Refren

    Wo oh! Wo oh! (Bis)

    Pa fatige kò ou
    si l pa pase bò ou
    ou merite lajwa
    li pa ka ba ou sa
    kite misye vole
    Kite l ale
    kite misye mache
    Kite l ale
    sispann kriye pa fè movesan
    Kite l ale
    yon move jou pa di movetan

    Produced by: Tibob
    Keyboards: Tibob & T-Jean
    Bass (Synth): T-Jean
    Guitars: Chichi
    Backgrounds: Tibob, Chichi, Ketia
    Drums: T-Jean
    Sax Solo: Godwin

    **** **** **** ****
    Let him go

    One Sunday morning at 5
    I was tired
    and going back home to sleep
    as I was opening the door
    a trembling voice called me up
    Natasha was crying heavily
    she said “Tibob tell me what to do?
    I have it with life
    I am so faithful and yet
    in such a misery to find
    someone to love me truly
    something moved in my stomach
    he said it’s not his
    as if my child (uh uh uh uh)
    could have another father
    I never knew any other man
    nothing was to be discussed
    anger came around
    and he left me all alone”

    I took her hand in
    made her sit and relax
    brushed off her suicidal thoughts
    explained her with encouraging words
    to give her hope and strength
    the first duty of a true friend
    I said: “Tasha, forget him all
    your goodness will find you a path
    you are so beautiful
    he must be out of his taste
    stop crying for what’s not the best for you
    no need to be furious
    life will be more beautiful
    you stumbled (uh uh uh uh)
    but failed to fall
    gather your strength, my friend
    you can’t lose with your sincere heart
    let him go, God will replace him!

    Chorus
    Let him go!
    you’ll always find love
    Let him go!
    he left he was never yours
    Let him go!
    stop crying, stop worrying
    Let him go!
    one bad day doesn’t always announce with bad times

    Think of tomorrow
    when your ship is sinking
    take your life with both hands
    and you’ll make it through
    that may not be what you want
    but you’ve got to have hope
    someone simply made you slip
    but life has not turned its back against you

    Chorus

    Oh! Oh! Oh! Oh!
    why Jean-Charles?
    Oh! Oh! Oh! Oh!
    let him go, your friend Tibob
    will always be with you

    Don’t mind if he doesn’t come back
    you deserve happiness
    which he doesn’t have for you
    just let the fool go
    Let him go!
    just let the bastard leave
    Let him go!
    stop crying, stop worrying
    Let him go!
    one bad day
    doesn’t always announce with bad times


SEARCH LYRICS