Jouda sa yo Lyrics by Tibob de Nazareth

Jouda sa yo Lyrics

    Jouda sa yo

    Lyrics: Tibob
    Music: Tibob

    Men yon lòt fwa ankò
    diskisyon vin abò
    vye koze koridò
    tanmen teste si nou fò
    Fòk nou pa pèdi tan
    yo mèt fè de ran
    nou gen w sèman
    ki pi enpòtan

    Refren
    Jouda sa yo
    se plezi yo sa
    Se misyon yo
    pasipala fè koze met la
    Jouda sa yo
    se maten midi swa
    Se misyon yo
    yo rablabla

    O dat chè nou nan wout
    poukisa nou gen dout
    vye pawòl an dewout
    tyake rèv nou bout pa bout
    Fòk nou pa tètanba
    pou w bann sesisela
    an n chenbe la
    jouktan yo faya

    Refren

    Oah-oah-oah-oah-oah!
    Oah-oah-oah-oah-oah!

    Refren

    Poukisa w pa souri
    poukisa kè w mwezi
    lè len bay lòt api
    se yo-menm ki pèdi
    Yo ka fè tout lavi
    ap rann nou lavi di
    men nou ka reyisi
    si nou fè yo pèdi

    Kèlkeswa jan n aji
    y ap jwenn sa pou di (ah ah!)
    yo se malentespri
    souf yo ka detwi (ah ah!)
    nan tout vye kwen lari
    fè koze kredi (ah ah!)
    an n vag sou yo cheri
    Ouuuhh Shananana

    Tan sole, tan lapli
    y ap fè brikouri (ah ah!)
    yo tankou malfini
    ki pa janm dòmi (ah ah!)
    brase bouyi manti
    sa son w nouriti (ah ah!)
    pa koute yo cheri
    Ouuuhh Shananana

    Jouda sa yo
    men se travay yo, yo pale
    Se misyon yo
    pasipala y ap bouyi koze
    Jouda sa yo
    se maten midi swa
    Se misyon yo
    yo rablabla, yo rablabla

    Jouda sa yo
    pa sitire yo
    an nou kwape yo (…)
    se pou n montre yo
    nou damou nan zo (…)
    ke l pawòl cho
    ke l pawòl fo (…)
    pa p lage n nan dlo

    Jouda sa yo
    fò n pa pè montre yo
    pa pè devwale yo (…)
    se yo k fè je gen dlo (…)
    w a di reken nan dlo
    yo chavire bato (…)
    lang yo file kou sizo

    Jouda sa yo
    pa mache ak yo
    ralanti sou yo (…)
    pa sitire yo
    men fò nou kwape yo (…)
    pa manje ak yo
    pinga n fè n zanmi yo (…)
    pa sitire yo …

    Produced by: Tibob
    Keyboards: Tibob
    Bass (Synth): Tibob
    Guitars: Youyou, Tibob (Synth)
    All Backgrounds: Tibob

    **** **** **** ****
    Those Big-Mouths

    Here we go once again
    bad winds against our sails
    non-sense stories
    are testing our strength
    we mustn’t waste time
    let them be spectators
    our love commitment
    is the most important

    Chorus
    Those big-mouths
    it’s how they rejoice
    That’s their mission
    starting something everywhere
    Those big-mouths
    Mornings, days and nights
    That’s their mission
    oh! they talk a lot

    Oh if we got this far
    why now doubting
    ill-intentioned words
    want to slaughter our dream
    our faces mustn’t be down
    for the sake of whomever
    let’s hold on tight
    ‘til they give up

    Chorus

    Oah-oah-oah-oah-oah!
    Oah-oah-oah-oah-oah!

    Chorus

    Where is your pretty smile?
    why is your heart quiet?
    as we lean on each other
    yes they remain losers
    They may waste a lifetime
    threatening to destroy us
    but if we hang on tight
    yes they’ll remain losers

    No matter what we do
    they won't stay quiet
    just like evil spirits
    their breaths are deadly
    At every street corner
    inventing empty stories
    let's ignore them, babee!

    Be it rain, be it snow
    their tongues are on fire
    no one can escape
    since they rarely sleep
    cooking up strange lies
    on their fatal menus
    disregard them, babee!

    Chorus
    Those big-mouths
    that is their job to talk
    That’s their mission
    boiling gossips everywhere
    Those big-mouths
    Mornings, days and nights
    That’s their mission
    oh! they talk a lot

    Those big-mouths
    let’s get them away
    let’s kick them off (…)
    let’s show them
    we’re in love to our bones
    Those big-mouths
    let’s show them to the world let’s not be afraid to unveil them (…)
    they make all eyes watery (…)
    like sharks they sink ships (…)
    their tongues are razors (…)
    don’t walk with them
    stay away from them (…)
    tolerate them not
    let’s kick them away (…)
    don’t eat with them
    don’t be their friends (…)



SEARCH LYRICS