Ghetto Racine PJs Creole Mix Lyrics by Wyclef Jean

Ghetto Racine PJs Creole Mix Lyrics

    Haiti, I wanna welcome yall to West Indian day Parade (Sak pase)
    This is my Carabanner, The PJ's Remix IN CREOLE let's Go!!

    Ghetto Nou te fet nan ghettoooo (Kenbe zam nou)
    Fok nout reprezante pou moun poooo (Pa tire Pa tire)
    Paske si se pat pou moun poo
    Nou pa tap janm konnen Wyclef

    Mwen pa sou bo no
    Mwen pa sou bo sud
    Mwen pa sou bo les
    Mwen pa sou Bo wes
    Msou bo bel dam yo
    Neg ki gen zam yo
    Neg ki sere Bob Marley nan choset yo
    Le police kenbe yo yo tire yo
    Le imigrasyon pran yo yo depote yo
    Neg kwa des bouke yo
    Neg kap fe grimo
    Yo di yo fe gri paske peyi pa gen lajan o
    Peyi pa gen Lajan Kanaval Chak ane o
    Lajan pou kanaval fok gen lajan pou manje o
    Respekte bon dye oo
    Domi avek Kwa sa oo
    32 degre men mwen kay on mason o
    Leternel est mon Bergee je ne make rien o
    Menm si mkenbew nan foul la map epike ou avek kouto (anko)
    (Poukisa)Pase nou pa respekte ble e te
    Nou te fet nan ghetto kounyen kaynou gen elevator
    Mezanmi Brooklyn bloke mezanmi gade li bloke
    Canada Bloke mezanmi gade li bloke
    Miami bloke mezanmi gade li bloke
    Haiti bloke mezanmi gade li bloke

    Ghetto mwen te fet nan ghetto
    Fok mwen reprezant pou moun po
    Pase si se pat pou moun po
    Nou pa tanp janm konnen wyclef

    Gade nan kwadebouke yo gen on nouvo zam yo rele Nou Pa care
    Koman yo rele zam sa Nou pa care
    Li tiye manman papa fre avek se
    Lem pale ak zam la zam la dim li pa ke
    Mwen di zam yo yap voyew nan lanfe
    Zam lan di msye met pase li gen tan vizite lisife
    Oh gade mysye kape rale zam li
    Zam la pa menm bon pou di bonswa ak jesus
    Pase Le wap rale se le sa nap tire
    Le wap pale se kadav ou nap gade (anh anh anh)
    Gwo gason nou pral antere o fon
    Si se JAMES BOND ou ye aswe a nap touye espyon
    Nou gen on nouvo zam yo rele nou pa care
    Koman yo rele zam sa nou pa care
    li tiye manman papa fre avek se
    Lem pale ak zam la zam la dim li pa care
    Vyolans nou pa vle mezanmi (nou pa vlel)
    Foul la avanse mezanmi (Avansel)
    Sivouple pinga pouse mezanmi (pinga nou pouse)
    Siveye Lougawou yo aswe a yo anvi vole

    Lase mwen pap janm bliye lase
    Mwen te fet kwadesbouke
    Paske si se pat pou AYITI
    Nou patap janm konnen Wyclef

    Leve men nou si no soti nan GHETTO
    Kote dread lox yo ki te genyen AFRO
    Kote ayisyen yo ki renmen manje Mango
    Kote timoun piti yo kap jwe LAGO
    Depi yo we Wyclef yo gen satisfaksyon
    Yo renmen mesye a ki gen 12 televizyon
    Mezanmi Playstation DVD li nan dwe nan jem
    Le POLICE kenbe mwen se machin mwen yo vle gade
    Gade on ayisyen ki soti an ayiti
    Lem jwe Las Vegas yo relem Elvis Presley
    Oh Oh yo banm on body guard ki soti an Italy
    Men nou konnen wyclef pa janm mache san fizi
    Mezanmi si li fe nwa map tire sou la lune
    Paske nou konnen Wyclef Jean se Jean-Jacques Dessalines
    Timoun nan ghetto pinga nou chanje channel
    Bondye ap pwoteje nou kankou li pwoteje Danniel
    Jeriko Jeriko Miray la kraze
    Jeriko Jeriko Miray la kraze

    Jeriko Jeriko Miray la kraze
    Men gade miray e yo pa kraze

    Mezanmi Ghetto nou te fet nan ghetto
    Fok nou reprezante pou moun po
    Paske si se pat pou moun po
    Nou pa tap janm konnen Jerall

    Mezanmi leve drapo nou mezanmi pi wo pi wo
    Respekte refije yo pi wo pi wo
    Nou konnen nou se MVP pi wo pi wo
    Respekte rasin lan pi wo pi wo

    MVP rasin,Bagay yo pral kontinye

    Jeriko Jeriko Miray la kraze
    Jeriko Jeriko Miray la kraze

    Jeriko Jeriko Miray la kraze
    Men gade miray e yo pa kraze
    Woy woy woy back up back up
    Jeriko Miray la kraze [10x]

    Met yo di siw te la,laj pa tap mouri... enben kotel ye?

    Laj sa, Leve nan tomb la [until fade]

SEARCH LYRICS