Egzile Lyrics by Tibob de Nazareth

Egzile Lyrics

    Egzile
    Lyrics: Tibob
    Music: Tibob

    Nou jiferan depi lontan nou depaman
    Hmm men jiskaprezan
    Nou depòte nou vwayaje nou egzile

    Hmm gade nou
    sou tout latè n gaye n san direksyon
    peyi nou
    ape trimen nan w vag dezolasyon
    pagen pòsyon ki pou ba l gerizon

    Nou ta vle
    tounen yon jou pou n sèvi peyi nou
    nou reve
    men lespwa nou ap retresi chak jou
    kalkilasyon vanse fin fè nou fou

    Se vre n travay san chitatann
    se sa moun lakay pa konprann
    kote n pase n se etranje
    nou fatige ak prejije

    Nou konnen
    nou se yon pèp ki pa p dekouraje
    nou sèten
    nan bay lanmen yon jou n a va rive
    se sèl maji ki ka fè n delivre

    An n ale
    jenès nou se lafòs nou se lespwa
    an n lite
    an nou montre moun yo nou toujou la
    nou se yon pèp ki konnen fè listwa

    Si jodi la nou ajenou
    se pa vwazen se fòt pa nou
    nou vann nanm nou pou plat manje
    foli pouvwa fè n divize

    Refren
    Ayiti, sispann krazebrize
    pou nou ka vanse
    Ayiti, an nou serekole
    konsa n a rive

    Ban m lè pou m pale menm si lòt fache
    dat nou egzile nou pe pa chenbe
    lagè se sa n plante ak imoralite
    chè nou plen mechanste
    ki sa n te vle rekòlte (la)

    Refren

    Peyi n fin kraze tèlman n divize
    gouvènman pase anyen pa regle
    vire tounen n tonbe nan goumen
    n ap viv nan chen-manje-chen
    politisyen fè nou fè tenten

    Se tout kote n ale nou yo divize
    se tout kote n pile nou yo imilye
    w a di n pagen peyi
    w a di nou san patri
    responsab nou yo
    genlè n pa wè nou nan dlo

    Refren

    Di mwen ki kote n prale
    si n pa gen linyon
    si n pa ke fè wout ansanm
    Pou n delivre
    chèche koneksyon
    pou nou ka fè wout ansanm
    Menm si nou pa dakò
    nou ka kreye w akò
    pou nou pa pèdi tan
    pou nou pouse douvan
    2004 rive, tèt nou debraye
    nou pa ka mache konsa
    fò n chita pou nou pale
    fò n chita pou n eksplike
    nou pa nan pèdi tan
    fòk nou pouse douvan
    se peyi pa w se peyi pa m ...

    Produced by: Tibob
    Keyboards: Tibob & T-Jean
    Bass: Ti Doudou
    Guitars: Youyou & Sergo
    All Backgrounds: Tibob
    Drums: Ti Doudou

    **** **** **** ****
    In exile

    Like wanderers
    we’re everywhere
    disbanded, dismantled
    hmm! hmm! nothing has changed
    Crossing oceans
    traveling continents
    we’re in exile
    hmm! hmm!

    Look at us
    without destination we’re scattered
    on the face of the earth
    our country
    is sinking in the ocean of desolation
    no potion can relieve its pain

    It’s our desire
    to go back some day
    to rebuild our country
    we dream on
    but our hope keeps on shrinking
    this pain is killing us softly

    We do work unceasingly
    but our folks back home don’t get it
    where ever we go we are strangers
    we’re tired of being discriminated against

    We know
    we’re a people to never lose hope
    we’re certain
    unity will get us there some day
    that’s the only magic to deliver us

    Come on
    young souls, we’re the power, the hope
    let us fight
    to show the world we still have it
    we’re a people that made history

    If today we’re on our knees
    we’re the only ones to blame
    we’re selling our souls for food
    the lust for power is still dividing us.

    Chorus
    Haiti, stop the genocide
    we’ve got to move ahead
    Haiti, let’s be united
    then we’ll know victory

    I need to talk
    others will get upset
    so long in exile
    can’t hold anymore
    crime, immorality, war are our seeds
    we step over respect and love
    what do we expect?

    Chorus

    Our country is destroyed
    we’re so divided
    governments come and go
    our bad destiny seems untouchable
    for nothing we start fighting
    like wild savage beasts
    politicians keep on deceiving
    God, come rescue the Haitian people!

    Everywhere we go
    we’re humiliated
    every road we take
    we’re disappointed
    it’s like we have no family
    it’s like we have no country
    our government officials
    can’t you see we’re dying!

    Chorus

    Tell me where we’re heading
    if we’re disbanded
    if we can’t work side by side
    we’ve got to connect
    and walk side by side
    if we wish to make it.


SEARCH LYRICS